CLINIQUE MARSAN-GEORGES

CLINIQUE MARSAN-GEORGES

Votre santé, notre priorité.
Des soins spécialisés, une expertise médicale, une approche humaine.

Anemi Falsifòm

Anémie Falciforme

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE

Kisa maladi anemi falsifòm ye?

Anemi falsifòm se yon maladi jenetik (Sa vle di yon maladi ki pase de paran a pitit a travè jèn)  ki afekte emoglobin nan globil wouj yo. Lè emoglobin an chanje fòm, globil wouj yo vin rijid ak fòm "sèpèt" olye de fòm wonn nòmal yo. Emoglobin nan responsab transpòte oksijèn nan san an pou livre nan tout kò a.



Qu'est-ce que la maladie de l’anémie falciforme ?

L’anémie falciforme est une maladie génétique (c’est-à-dire une maladie transmise des parents aux enfants par les gènes) qui affecte l’hémoglobine des globules rouges. Lorsque l’hémoglobine change de forme, les globules rouges deviennent rigides et prennent une forme de « faucille » au lieu de leur forme ronde normale. L’hémoglobine est responsable du transport de l’oxygène dans le sang vers tout le corps.

Kijan moun ka pran maladi sa?

Maladi anemi falsifòm se yon maladi ereditè. Sa vle di moun pran li nan men paran yo si toude paran yo genyen jèn ki defektye a. Si se yon sèl paran ki genyen l chans pou timoun yo pran maladi a pi piti men li posib.


.

Comment attrape-t-on cette maladie ?

L’anémie falciforme est une maladie héréditaire. Cela signifie qu’elle est transmise des parents aux enfants si les deux parents portent le gène défectueux. Si un seul parent est porteur du gène, le risque pour l’enfant d’avoir la maladie est plus faible, mais il reste possible.

Ki siy ak sentom maladi a?

  • Doulè

  • Fatig

  • Enfeksyon souvan

  • Anfleman ak doulè nan tout kò

  • Anemi

  • Pwoblèm respiratwa

Quels sont les signes et symptômes de la maladie ?

  • Douleurs

  • Fatigue

  • Infections fréquentes

  • Gonflement et douleurs dans tout le corps

  • Anémie

  • Problèmes respiratoires

Koman yo ka poze dyagnostik la?

Yo poze dyagnostik anemi falsifòm atravè yon tès san ki chache prezans jèn defektye a (Sikling test) . Nan anpil kote, tès sa a fèt pandan tibebe a ap fèt.

Comment pose-t-on le diagnostic ?

Le diagnostic de l’anémie falciforme se fait par un test sanguin recherchant la présence du gène défectueux (test de drépanocytose). Dans de nombreux endroits, ce test est effectué dès la naissance du bébé.

Ki trètman maladi a?

  • Medikaman:

    •  Idwoksiire, ki ede diminye kriz yo ak konplikasyon yo.

    • Asid Folik, ki ede nan pwodiksyon globil wouj ak kontwole anemi. 

  • Transfizyon san: Pou ranplase globil wouj ki defektye yo.

  • Antibiotik: Pou prevni enfeksyon.

  • Transplantasyon mwèl: Se sel opsyon pou geri totalman maladi a, men li pa aksesib pou tout moun.

Quels sont les traitements de la maladie ?

  • Médicaments :

    • Hydroxyurée : aide à réduire les crises et les complications.

    • Acide folique : favorise la production de globules rouges et aide à contrôler l’anémie.

  • Transfusion sanguine : permet de remplacer les globules rouges défectueux.

  • Antibiotiques : utilisés pour prévenir les infections.

  • Greffe de moelle osseuse : c'est la seule option permettant une guérison complète, mais elle n’est pas accessible à tout le monde.

Ki konplikasyon maladi sa genyen?

  • Kris doulè

  • Pwoblèm pou respire

  • Enfeksyon grav

  • Atak kè

  • Pwoblèm vizyon

  • Blese nan fwa ak nan larat.

Quelles sont les complications de cette maladie ?

  • Crises douloureuses

  • Problèmes respiratoires

  • Infections graves

  • Crise cardiaque

  • Problèmes de vision

  • Lésions au foie et à la rate

Ki prekosyon pou malad sa yo pran?

  • Evite frèt ekstrèm ak chalè ekstrèm.

  • Bwè dlo anpil pou evite dezidratasyon.

  • Pran medikaman kòm doktè ou rekòmande.

  • Vizite doktè ou regilyèman pou tès ak konsiltasyon.

Quelles précautions doivent prendre les personnes atteintes de cette maladie ?

  • Éviter les températures extrêmes (froid intense et chaleur excessive).

  • Boire beaucoup d’eau pour éviter la déshydratation.

  • Prendre les médicaments selon les recommandations du médecin.

  • Consulter régulièrement un médecin pour des tests et un suivi médical.

Kijan malad sa yo ka anpeche pitit yo pran maladi sa?

Si toude paran yo pote jèn anemi falsifòm lan, yo ka chwazi gen konsiltasyon jenetik pou konprann risk la pou pitit yo.


Comment les personnes atteintes peuvent-elles éviter de transmettre la maladie à leurs enfants ?

Si les deux parents sont porteurs du gène de l’anémie falciforme, ils peuvent consulter un spécialiste en conseil génétique afin de mieux comprendre les risques de transmission à leurs enfants et explorer les options disponibles.

Ki kesyon malad la sipoze poze doktè li sou maladi sa?

  • Ki tretman ki pi bon pou mwen?

  • Kijan mwen ka prevni kriz doulè yo?

  • Ki sentòm mwen dwe fè atansyon pou li?

  • Èske gen chanjman nan jan mwen viv ka fè pou ede amelyore kondisyon mwen?

Quelles questions le patient doit-il poser à son médecin sur cette maladie ?

  • Quel est le meilleur traitement pour moi ?

  • Comment puis-je prévenir les crises douloureuses ?

  • Quels sont les symptômes auxquels je dois faire attention ?

  • Y a-t-il des changements dans mon mode de vie qui pourraient améliorer ma condition ?

Contactez-nous!