CLINIQUE MARSAN-GEORGES

CLINIQUE MARSAN-GEORGES

Votre santé, notre priorité.
Des soins spécialisés, une expertise médicale, une approche humaine.

IPETANSYON

HYPERTENSION ARTERIELLE

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE

Ki sa maladi tansyon ye?

 Maladi tansyon se yon kondisyon kote fòs san an frape fò sou pawa atè yo pandan yon peryòd pwolonje. yo rele li tou kòm tansyon wo oswa ipètansyon.

Qu'est-ce que l’hypertension artérielle ?

L’hypertension artérielle est une condition où la pression du sang contre les parois des artères est élevée sur une longue période. Elle est aussi appelée tension élevée ou hypertension.

Kisa ki pwovoke maladi sa? 

Maladi tansyon ka gen plizyè koz:

  • Jenetik: Fanmi ki gen istwa tansyon wo.

  • Faktè anviwònman: Move abitid alimantè, grès nan kò, inaktivite fizik.

  • Estrès: Estrès pwolonje ka kontribiye nan tansyon wo.

  • Konsomasyon alkòl ak sigarèt: Sa yo ka ogmante risk pou tansyon wo.

Quelles sont les causes de cette maladie ?

L’hypertension peut avoir plusieurs causes :

  • Facteurs génétiques : Antécédents familiaux d’hypertension.

  • Facteurs environnementaux : Mauvaise alimentation, surpoids, manque d’activité physique.

  • Stress : Un stress prolongé peut contribuer à l’élévation de la tension.

  • Consommation d’alcool et de tabac : Ces substances augmentent le risque d’hypertension.

Kijan maladi a manifeste? 

Souvan, ipètansyon pa gen sentòm evidan, men nan kèk ka, moun ka santi:

  • Maltèt

  • Fatik

  • Pwoblèm vizyon

  • Fè tèt vire

Quels sont les symptômes ?

L’hypertension est souvent asymptomatique, mais dans certains cas, elle peut provoquer :

  • Maux de tête

  • Fatigue

  • Troubles de la vision

  • Étourdissements

Ki jan maladi a evolye san tretman? 

San trètman, tansyon wo ka mennen nan:

  • Maladi kè

  • Atak kadyak

  • Ensifizans ren

  • Anevris

Quelles sont les complications en l’absence de traitement ?

Sans prise en charge, l’hypertension peut entraîner :

  • Maladies cardiaques

  • Crise cardiaque

  • Insuffisance rénale

  • Anévrisme

 TRÈTMAN: METÒD KARÈM

Kontwòl

  • Fè kontwòl tansyon 2 fwa pa jou epi note rezilta yo nan yon kaye pou pote nan chak konsiltasyon.

Alimantasyon

  • Manje natirèl: Evite sèvi ak twòp sèl, magi, bwason gazez, sik, sigarèt, ak alkòl.

Randevou Medikal

  • Ale nanrandevou regilyèman kay doktè pou verifye si tretman an mache epi swiv evolisyon tansyon an.

  • Swiv si gen konplikasyon potansyèl.

Ekzèsis

  • Fè egzèsis fizik omwen 30 minit chak jou.

Medikaman

  • Pa pataje medikaman ak lòt moun.

  • Pa sote jou pou pran medikaman.

  • Pa ogmante dòz san konsiltasyon ak doktè.

TRAITEMENT : MÉTHODES CAREM

Contrôle

  • Mesurez votre tension deux fois par jour et notez les résultats dans un carnet à apporter lors de chaque consultation.

Alimentation

  • Privilégiez une alimentation saine et naturelle.

  • Réduisez la consommation de sel, bouillons industriels, sodas, sucre, tabac et alcool.

Rendez-vous Médicaux

  • Consultez régulièrement votre médecin pour vérifier l’efficacité du traitement et surveiller votre tension.

  • Détectez à temps d’éventuelles complications.

Activité physique

  • Faites au moins 30 minutes d’exercice par jour.

Médicaments

  • Ne partagez pas vos médicaments avec d’autres personnes.

  • Ne sautez pas de prises et respectez les doses prescrites.

  • Ne modifiez pas votre traitement sans avis médical.

Nous espere enfòmasyon sa yo ede w byen konprann maladi tansyon epi prepare w pou w gen yon bon konvèsasyon ak doktè w. Si w gen plis kesyon oswa bezwen plis èd, tout staf klinik Marsan-Georges la la pou ede w!

Li enpòtan pou pasyan an kominike ak ekip medikal la, epi fè asire ke li konprann tout risk ak benefis pou refize yon trètman. Pwofesyonèl sante yo travay avèk pasyan yo pou jwenn pi bon solisyon posib ki respekte volonte pasyan an pandan y ap bay swen ki nesesè.

KLINIK MARSAN-GEORGES

J’espère que ces informations vous aideront à mieux comprendre l’hypertension et à préparer vos discussions avec votre médecin. Si vous avez des questions ou besoin d’aide, toute l’équipe de la Clinique Marsan-Georges est là pour vous accompagner

Il est important que le patient communique avec l’équipe médicale et s’assure de bien comprendre tous les risques et bénéfices liés au refus d’un traitement. Les professionnels de santé travaillent avec le patient pour trouver la meilleure solution possible, en respectant sa volonté tout en lui apportant les soins nécessaires.

CLINIQUE MARSAN-GEORGES

Contactez-nous!