CLINIQUE MARSAN-GEORGES
CLINIQUE MARSAN-GEORGES
Votre santé, notre priorité.
Des soins spécialisés, une expertise médicale, une approche humaine.
Maladi Sik
Diabète
PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE
Ki sa maladi dyabèt la ye?
Dyabèt se yon maladi kwonik ki rive lè nivo sik nan san (glikoz) twò wo akoz pwoblèm ak ensilin. Ensilin se yon òmòn pankreya pwodui pou ede glikoz (sik ki nan san an) antre nan selil yo pou bay enèji. Lè gen yon defisi oubyen yon rezistans pou ensilin, glikoz la rete twòp nan san, sa ki ka lakòz konplikasyon grav.
Qu'est-ce que le diabète ?
Le diabète est une maladie chronique qui survient lorsque le taux de sucre dans le sang (glucose) est trop élevé en raison d'un problème avec l'insuline. L'insuline est une hormone produite par le pancréas qui aide le glucose à pénétrer dans les cellules pour fournir de l'énergie. Lorsque l'organisme ne produit pas suffisamment d'insuline ou que les cellules résistent à son action, le glucose s'accumule dans le sang, ce qui peut entraîner de graves complications.
Kisa ki pwovoke maladi sa?
Dyabèt ka gen plizyè koz, sa depann de tip la:
Dyabèt Tip 1 – Se yon maladi kote sistèm defans kò a atake selil pankreya yo ki pwodui ensilin. Li souvan devlope nan anfans oswa adolesans.
Dyabèt Tip 2 – Se fòm ki pi komen. Li rive lè kò a pa ka sèvi ak ensilin li pwodui a byen (rezistans pou ensilin) oswa li pa pwodui ase ensilin. Faktè ki ogmante risk la enkli:
Eredite (si fanmi an gen dyabèt)
Manje twòp manje sikre oswa gra
Sedantè (moun ki pa fè ase egzèsis)
Obezite (moun ki twò gwo)
Estrès
Dyabèt jèstasyonèl – Se yon fòm dyabèt ki parèt pandan gwosès epi li disparèt apre akouchman. Li ka ogmante risk pou fanm lan devlope dyabèt tip 2 pita.
Quelles sont les causes du diabète ?
Le diabète peut avoir plusieurs causes, selon son type :
Diabète de type 1 : Maladie auto-immune où le système immunitaire attaque les cellules du pancréas responsables de la production d'insuline. Il se développe souvent dans l'enfance ou l'adolescence.
Diabète de type 2 : Forme la plus courante, survenant lorsque l'organisme utilise mal l'insuline ou n'en produit pas suffisamment. Les facteurs de risque incluent :
L'hérédité (antécédents familiaux de diabète)
Une alimentation riche en sucres et en graisses
La sédentarité (manque d'activité physique)
L'obésité
Le stress
Diabète gestationnel : Se manifeste pendant la grossesse et disparaît après l'accouchement. Il augmente le risque de diabète de type 2 chez la mère plus tard.
Kijan maladi a manifeste?
Dyabèt ka bay plizyè sentòm, tankou:
Swaf dlo toutan
Pipi twò souvan
Grangou toutan
Pèdi pwa san esplikasyon
Fatig ak feblès
Twoub vizyon
Blesi ki pran tan pou geri
Pikotman oswa pèdi sansasyon nan men ak pye (souvan nan dyabèt tip 2)
Lè li pa kontwole, li ka mennen konplikasyon grav tankou pwoblèm kè, ensifizans ren, pèt vizyon, oswa anputasyon (koupe pye oswa men).
Quels sont les symptômes du diabète ?
Le diabète peut présenter plusieurs symptômes, notamment :
Soif excessive
Envies fréquentes d'uriner
Faim constante
Perte de poids inexpliquée
Fatigue et faiblesse
Troubles de la vision
Cicatrisation lente des plaies
Picotements ou perte de sensation dans les mains et les pieds (surtout dans le diabète de type 2)
Sans traitement, le diabète peut entraîner de graves complications, telles que des maladies cardiaques, une insuffisance rénale, une perte de vision ou des amputations.
Ki jan maladi a evolye san trètman?
San trètman, dyabèt ka mennen nan konplikasyon grav:
Retinopati dyabetik: Pwoblèm vizyon ak avèg.
Nefropati dyabetik: Ensifizans ren.
Newopati dyabetik: Pwoblèm nè ki lakòz doulè ak pèt sansasyon.
Maladi kadyovaskilè: Atak kè, tansyon wo.
Blesi ki pa geri: Kapab mennen sou anputasyon.
Asidosetoz dyabetik: Yon ijans medikal kote kò a akimile twòp asid nan san an.
Comment évolue le diabète sans traitement ?
Sans prise en charge médicale, le diabète peut causer de graves complications :
Rétinopathie diabétique : Problèmes de vision pouvant mener à la cécité.
Néphropathie diabétique : Insuffisance rénale.
Neuropathie diabétique : Lésions nerveuses causant douleur et perte de sensation.
Maladies cardiovasculaires : Crises cardiaques, hypertension.
Plaies qui ne guérissent pas : Risque d'amputation.
Acidocétose diabétique : Urgence médicale due à une accumulation d'acide dans le sang.
Kisa yon moun ki fè dyabèt ka manje?
Yon moun ki fè sik dwe adopte yon rejim alimantè balanse:
✅ Bon manje pou dyabetik:
Legim (fèy, konkonm, tomat, chou, epina)
Pwoteyin (vyann blan, pwason, ze, pwa)
Grenn antye (avwàn, mayi, diri mawon)
Fwi ak moderasyon (pòm, zoranj, seriz)
Nwa ak grenn (zamann, pistach)
🚫 Manje pou evite:
Diri blan, pen blan, spaghetti
Bwason dous (ji endistriyèl, kola)
Manje gra (fritay, vyann twò gra)
Gato, sirèt, chokola
Alkòl
Que peut manger une personne diabétique ?
Un régime équilibré est essentiel pour la gestion du diabète.
✅ Aliments recommandés :
Légumes (feuilles vertes, concombre, tomate, chou, épinard)
Protidques (viandes blanches, poisson, œufs, légumineuses)
Céréales complètes (avoine, maïs, riz brun)
Fruits à consommer avec modération (pomme, orange, cerise)
Oléagineux et graines (amandes, pistaches)
🚫 Aliments à éviter :
Riz blanc, pain blanc, pâtes raffinées
Boissons sucrées (sodas, jus industriels)
Aliments frits et gras
Gâteaux, bonbons, chocolat
Alcool
Eske bwè te fèy se yon bon oswa yon move bagay pou moun ki fè sik?
Te fèy ka gen benefis pou moun ki gen dyabèt, men li dwe konsome ak prekosyon.
🚫 Men kèk prekosyon ak te pou evite:
Te ki twò konsantre ki ka bese sik twò rapid.
Te ki melanje ak sik.
Evite bwè twòp paske sa ka afekte ren.
Evite pran te ak medikaman ansanm.
Le thé aux plantes est-il bénéfique ou nuisible aux diabétiques ?
Le thé aux plantes peut avoir des bienfaits, mais doit être consommé avec prudence.
🚫 Précautions à prendre :
Éviter les tisanes trop concentrées pouvant faire chuter la glycémie trop rapidement.
Ne pas ajouter de sucre.
Limiter la consommation pour préserver la santé rénale.
Ne pas prendre avec des médicaments sans avis médical.
Ki prekosyon yon moun ki fè sik dwe pran?
Manje byen: Evite manje ki ogmante sik san an rapid.
Fè egzèsis regilyèman: 30 minit mache oswa espò chak jou
Suiv tretman li: Pa rate medikaman oubyen ensilin
Kontwole pwa li: Obezite agrave dyabèt
Tcheke pye li souvan: Pou evite blesi ki ka mennen sou enfeksyon
Diminye estrès: Estrès ka ogmante nivo sik la
Pran san li regilyèman: Pou konnen si tretman an mache
Précautions à prendre pour les diabétiques
Alimentation équilibrée
Exercice physique régulier (30 minutes par jour)
Prise correcte des médicaments
Contrôle du poids
Surveillance des pieds pour éviter les infections
Gestion du stress
Contrôle régulier du taux de sucre dans le sang
Ki lè pou yon moun ki fè sik dwe wè doktè?
Yon fwa pa ane pou egzamen jeneral
Chak 3-6 mwa pou dyabetik tip 2
Chak mwa si li sou ensilin oswa gen konplikasyon
Imedyatman si li gen sentòm grav (blesi ki pa geri, doulè nan pye, twoub vizyon, oswa sik ki twò wo/mens)
Quand consulter un médecin ?
Une fois par an pour un bilan général.
Tous les 3 à 6 mois pour un diabète de type 2.
Tous les mois si sous insuline ou en cas de complications.
Immédiatement en cas de plaie non guérissant, douleurs aux pieds, troubles visuels, ou hyperglycémie sévère.
Chak kilè yon moun ki fè sik dwe kontwole sik li?
1-3 fwa pa jou si moun nan sou ensilin.
Chak jou si li ap bwè grenn pou dyabèt la.
Plizyè fwa pa jou si li malad, gen estrès, oswa chanje rejim
À quelle fréquence une personne diabétique doit-elle contrôler son taux de sucre ?
1 à 3 fois par jour si la personne est sous insuline.
Chaque jour si elle prend des comprimés pour le diabète.
Plusieurs fois par jour si elle est malade, stressée ou si elle change son régime alimentaire.
Kisa valè nòmal sik la ye nan san moun?
A jen (avan manje): 70-110 mg/dL.
2 èdtan aprè manje: Mwens pase 140 mg/dL.
Yon dyabetik byen kontwole: 80-130 mg/dL san manje.
Si li rive 180 mg/dL oswa plis aprè manje, li twò wo.
Valeurs normales de la glycémie
À jeun : 70-110 mg/dL
Deux heures après un repas : Moins de 140 mg/dL
Glycémie idéale pour un diabétique : 80-130 mg/dL
Une glycémie à 180mg/dl ou plus après repas est trop élevée
Kisa prekosyon fanm ansent dwe pran lè yo fè maladi sik?
Swiv yon rejim dyetik strik
Fè egzèsis modere (mache, yoga) si doktè pèmèt
Kontwole sik souvan (plizyè fwa pa jou)
Suiv medikaman oswa ensilin si nesesè
Fè kontwòl regilye ak doktè
Evite estrès, paske li ka ogmante sik la
Prepare pou akouchman ak swivi apre nesans
Précautions pour les femmes enceintes diabétiques
Suivre un régime diététique strict
Pratiquer un exercice modéré (marche, yoga) si autorisé par le médecin
Surveiller fréquemment la glycémie (plusieurs fois par jour)
Suivre le traitement médicamenteux ou l'insuline si nécessaire
Effectuer des consultations médicales régulières
Éviter le stress, qui peut aggraver le diabète
Se préparer à l'accouchement et assurer un suivi après la naissance
Men yon ti fason byen fasil ou kapab sonje sa w dwe fè pou jere maladi dyabèt ou byen:
METÒD KARÈM ( Chak lèt nan mo KAREM nan reprezante yon mezi pou pran pou jere maladi a)
K - Kontwòl
Fè kontwòl sik la 2 fwa pa jou epi note rezilta yo nan yon kaye pou pote nan chak konsiltasyon.
A - Alimantasyon
Manje natirèl: Evite sèvi ak twòp sèl, magi, bwason gazez, sik, sigarèt, ak alkòl.
R - Randevou Medikal
Fè randevou regilyèman ak doktè pou verifye si tretman an mache epi swiv evolisyon sik la nan kaye kontwòl la. Swiv si gen konplikasyon potansyèl.
E - Ekzèsis
Fè egzèsis fizik omwen 30 minit chak jou.
M - Medikaman
Pa pataje medikaman ak lòt moun.
Pa sote jou pou pran medikaman.
Pa ogmante dòz san konsiltasyon ak doktè.
Voici une méthode simple à retenir pour une bonne gestion devotre diabète:
Méthode CAREM (chaque lettre du mot CAREM represente une mesure a prendre pour gérer le diabète)
C - Contrôle :
Surveiller la glycémie 2 fois par jour et noter les résultats dans un cahier à apporter à chaque consultation.
A - Alimentation :
Privilégier une alimentation naturelle, limiter le sel, le sucre, les sodas et l’alcool.
R - Rendez-vous médicaux :
Consulter régulièrement un médecin pour suivre l'évolution du traitement et rechercher d’éventuelles complications.
E - Exercice :
Faire au moins 30 minutes d'activité physique par jour.
M - Médicaments :
Ne pas partager
Ne pas rater les doses
Ne pas augmenter les doses sans avis médical